Anpil Repibliken ap Fè Efò Pou Prezante Atak Sou Kapitol La Kòm Yon Aksyon Patriyotik

  • Serge Michel

Capitol Riot Investigation

Yon efò ke anpil manm Pati Repibliken an ap fè pou prezante atak 6 Janvye 2021 sou Kapitol Etazini an kòm yon aksyon patriyotik rive nan yon lòt nivo, nan premye miting kanpay ansyen Prezidan Donald Trump pou re-eleksyon, nan wikenn pase a.

An parèt li sou sèn nan, Trump te kanpe ak men li sou kè li, pandan moun t ap tande nan opalè Im Nasyonal-la ke yon koral t ap chante, koral ki fòme ak moun ki jwenn kondanasyon anba divès akizasyon ki gen rapò ak atak la. Sou yon ekran dèyè ansyen prezidan an, te gen imaj ki t ap pase ki moutre ofansiv 6 Janvye a, devan yon foul moun ki t ap bat bravo byen chofe.

Se gwoup ki rele Koral Prizon J6 (6 Janvye) ki te anrejistre chan an, ki resite Sèman Fidelite a sou mizik Im Nasyonal la, e yo fini ak chan “USA! USA!”, ke yon afè 10 a 15-mil moun t ap repete, moun ki te vini pou wè Trump nan evènman anplennè a nan Waco, nan eta Texas, samdi a.

Nan diskou-li, Trump pale kont sa li dekri kòm moun ki fè fòs lòd yo tounen zam kont li ak sipòtè li yo. Li pwomèt ke si li re-eli an 2024, n ap site - “Sosyete a pwal ban nou rezon, e nou pwal fyè, e bandi ak kriminèl yo ki ap fè kòripsyon nan sistèm jistis nou an pwal pèdi batay la, e diskredi ak disgras pwal tonbe sou yo.”

Atak 6 Janvye a te lakoz dè douzèn ajan polis blese, kèk nan yo grav. 5 moun pou pi piti te pèdi lavi yo.