Netanyahu Revoke Minis Defans la, Pèp Israelyen Pran Lari

Israelyen ki opoze plan Premye Minis Benjamin Netanyahu pou l fe gwo refom nan sistem jidisye a mete dife epi bloke yon otowout pandan yon manifestasyon nan Tel Aviv, 26 Mas, 2023.

Premye Minis Israelyen an Benjamin Netanyahu revoke minis defans peyi a apre misye lanse apèl bay lidè a pou l fè refòm nan sistèm jidisyè a.

Plan an soulve pwotestasyon ak manifestasyon toupatou epi ankouraje Minis Defans sòtan Yoav Gallant pran la pawòl Samdi kont chanjman sa yo.

Nan yon deklarasyon brèf li fè Samdi, biwo Netanyahu di premye minis la revoke Gallant. Gouvènman Netanyahu a ap pouse pou pi devan ak yon vòt nan palman an semèn sa a sou gwo plan refòm nan - yon lwa ki ta bay kowalisyon ki kontwole pouvwa a dènye mo sou tout nominasyon jidisyè yo.

Kont politik la menase pou l vinn pi grav epi deklanche yon kriz konstitusyonèl.