Pòt lekòl nan Los Angeles fèmen nan moman anplwaye nan distri a ap planifye yon grèv

LA Student Shot

LOS ANGELES (AP) — Dè dizèn milye anplwaye nan distri lekòl Los Angeles la ki gen sendika pral sispann travay akoz pwoblem yo gen ak kontra travay yo.

Anplwaye yo nan distri a mete tèt yo ansanm an solidarite ak pwofesè yo pou yon grèv ke yo planifye pou twa jou, sa ki pral lakoz dezyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a fèmen.

Manm Sendika Entènasyonal Anplwaye Sèvis nan Lokal 99 planifye manifestasyon nan tout vil la, sa ki pwal reyini apeprè 30,000 travayè, pami yo pwofesè, asistan pwofesè edikasyon espesyal, chofè bis, moun ki ap netwaye lekòl, anplwaye kafeterya, elatriye.

Pami revandikasyon yo, yo mande pi bon salè ak plis anplwaye pou travay. Sipè-entandan distri lekòl la Alberto M. Carvalho di sendika a refize negosye.