Azi

Iran ak Arabi Saoudit Antann Yo Pou Yo Retabli Relasyon Diplomatik Antre yo

FILE - Visiting Iranian President Ebrahim Raisi walks with Chinese President Xi Jinping after reviewing an honor guard during a welcome ceremony at the Great Hall of the People in Beijing, Feb. 14, 2023. (Xinhua via AP)

Iran ak Arabi Saoudit antann yo vandredi pou yo retabli relasyon diplomatik antre yo e re-ouvè anbasad yo apre dèz ane tansyon ant 2 peyi yo, ki te gen antwòt yon atak ki te fè gwo dega nan kè pwodiksyon petwòl nan wayòm nan e ke yo te lage sou do Teheran.

Antant la ki te fèt nan Peken, an Chin, semèn sa a, nan yon seremoni ki te dewoule nan Kongrè Popilè Nasyonal la, reprezante yon gwo viktwa diplomatik pou Chinwa yo pandan peyi arab yo nan Gòlf la wè kòmkwa, dapre yo, Etazini ap wete kò li tou dousman nan Mwayenn Oryan an. Sa fèt tou nan moman diplomat ap chache mete fen nan yon gè ki la nan Yemen depi plizyè lane, yon konfli kote Iran ak Arabi Saoudit antre byen fon e kanpe rèd sou pozisyon yo.

2 peyi yo pibliye yon kominike an komen sou antant la ansanm ak LaChin ki sanble te travay pou fè sa rive. Medya leta chinwa pa te rapòte akò a touswit.

Medya leta nan Iran moutre imaj ak video ki te fèt an Chin, dapre sa yo di, ki moutre reyinyon an. Yo moutre Ali Shamkhani ki se sekretè konsèy Sekirite Nasyonal Siprèm Iran, ak konseye sou sekirite nasyonal Arabi Saoudit, Musaad bin Mohammed al-Aiban, ak Wang Yi, ki se diplomat ki pi wo-plase an Chin.

Wang di, « tou le 2 pati yo moutre yo sensè. » Li ajoute, « LaChin sipòte ak tout kè li antant sa a. »