Biden: Etazini ap Devlope 'Restriksyon Pi Sere' Pou Trake Objè Enkoni nan Espas Ayeryen Ameriken

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch.

Prezidan Joe Biden deklare Jedi Etazini ap devlope "restriksyon pi sere" pou trake, veye epi potansyèlman desann objè enkoni kap vole nan espas ayeryen Ameriken. Biden fè deklarasyon sa a 3 semèn apre yon dram nan wo nivo ki te debouche sou dekouvèt yon balon espyonaj sispek Chinwa ki tap travèse espas ayeryen Etazini.

Biden deklare: "Vyolasyon souvrènte nou pa akseptab. Nou pral aji pou pwoteje peyi nou. E se sa nou fè."

Prezidan an di li mande konseye Lamezonblanch sou kestyon ki gen pou wè ak sekirite nasyonal, Jake Sullivan pou l dirije yon "ekip entè-ajans" pou revize pwosedi Etazini yo apre yo te desann balon Chinwa a ansanm ak 3 lot objè ke Biden di Etazini kwè se objè ki pa poze danje ke konpayi prive oubyen enstitisyon rechèch te deplwaye.

Pandan li pa eksprime regrè pou desant 3 obje yo poko finn idantifye yo, Biden di li espere nouvo règleman yo pral ede yo "fè distenksyon ant objè ki poze yon danje pou sekirite sitwayen yo e ki mande pou yo aji - ak sa ki pa poze okenn risk."

Biden di: " Tem di klèman - si yon objè prezante yon menas pou sekirite pèp Ameriken an, map desann ni."

Desant balon siveyans Chinwa a sete premye fwa lame Etazini te janm antreprann yon operasyon konsa nan tan lapè.

Biden kritike pwogram siveyans Lachin nan kom inakseptab e li di li pral louvri liy kominikasyon yo ak Peken.

Biden deklare: " Mwen pral pale ak Prezidan Xi e mwen espere nou ke jwenn verite a. Men, mwen pap prezante eskiz mwen pou desant balon an."

Sekretè Deta Antony Blinken ranvwaye vizit li te sipoze fè nan Lachin pandan balon an tap vole nan espas ayeryen Ameriken e li poko pwograme yon nouvo rankont ak tokay chinwa li. Blinken pral asiste Konferans Sekirite Munich la nan peyi Almay kote gen bwi kap kouri pou di li taka rankontre minis afè etranje Chinwa a, Wang Yi, ki pral asiste konferans la tou.