Ikrèn Di Lap Bòykote Reyinyon OSCE nan Vyèn si Larisi Prezan

Bujar Osmani, OSCE (OBSE)

VIENNA (AP) — Ikrèn enfòme Òganizasyon pou Sekirite ak Kowoperasyon an Ewòp ke li pa pral patisipe nan pwochen reyinyon asanble palmantè li yo si lejislatè Ris yo ap patisipe.

Reyinyon an pwograme pou dewoule semèn pwochèn nan Vyèn pandan anivèsè envazyon Larisi a nan Ikrèn.

Chèf delegasyon Ikrenyen a te ekri nan yon lèt li te voye bay prezidan Asanble Palmantè OSCE a ke "nou pa kwè nou pral patisipe nan reyinyon ki ap ap gen patisipasyon Larisi ladann ."

Associated Press te jwenn lèt la, ki pote dat 10 fevriye, Mèkredi.

Yon pòtpawòl asanble palmantè OSCE a di li twò ta pou ranvwaye reyinyon 23-24 fevriye a.