Lachin Menase Poul Adopte Mezi Kont Antite Ameriken ki Te Desann Balon li

China US

BEIJING (AP) — Lachin atravè Ministè Afè Etranjè li di ke peyi a pral adopte mezi kont antite ameriken ki gen rapò ak desannt balon li ke yo te fè sou teritwa ameriken an.

Etazini sipèk ke objè a se te yon balon espyonaj Chinwa, men pòtpawòl Ministè a pa bay okenn detay e li pa t idantifye kiyes mezi sa yo va sible.

Lachin di balon an se te yon balon pou jere dosye metewolojik e ke yo te pèdi kontwòl li.

Depi dat 4 feviye a, apre Joe Biden te bay lòd pou desann balon an, Etazini te sanksyone 6 antite Chinwa ki te lye ak pwogram "spasyal" Peken an.

Chanm Reprezantan Ameriken an te kondane Lachin pou "vyolasyon" souverènte pèp ameriken an.

Anbasadè ameriken an nan Japon Rahm Emanuel te di nan Tokyo ke entrizyon balon Chinwa a fè pati yon modèl konpòtman agresif Peken ap mennen.