Kèk sòlda Ikrenyen Jele Espèm yo

Ukraine Soldiers Freeze Sperm

KYIV, Ikrèn (AP) — Pandan Vitalii Khroniuk te kouche fas atè epi kache akoz misil ris yo tap tire, sòlda Ikrenyen an a te gen yon sèl regrèt.

Li pa t janm gen yon pitit. Misye Konsyan ke li te kapab mouri a nenpòt ki moman.

Jèn gason 29 ane a deside eseye kriyokonservasyon, sa vle di jele espèm li.

Gen kèk sòlda Ikrenyen ki deside antame pwosesis sila ki gen ladann konjelasyon espèm yo pandan y ap fè fas a posiblite pou yo pa janm ka retounen lakay yo.

Pandan yon sòlda te tounen lakay li al wè fanmi li nan mwa janvye, li menm ak patnè li te ale nan yon klinik prive nan Kyiv, IVMED, ki ap fè pwosesis la pou $ 55 pou sòlda yo.

Doktè an chèf klinik la di li te gen anviwon 100 sòlda ki te jele espèm depi envazyon an.