Yon Otobis Antre Nan Yon Gadri nan Quebec

CANADA-accident-children

2 timoun nan yon gadri pèdi lavi yo apre yon otobis te fonse sou gadri a ki trouvel toupre Monreyal mèkredi maten.

Dapre rapò lapolis, temwen yo di zak sila se espre chofè a te fè lè bis la fonse sou gadri a.

Otorite yo te oblije kouri lopital ak 6 lòt timoun dapre sa Erika Landry ki se pòtpawòl lapolis Laval la di vi yo pa "andanje", "Yo te mete chofè a anba Kòd".

Chofè a se yon nonm ki gen 51-zan, yo fouke li pou omisid ak mete lavi sitwayen danje pandan li te tap kondwi bis la