Filipin ap Travay pou Ranfòse Relasyon li ak Etazini

  • Serge Michel
Filipin ap vanse pou li ranfòse relasyon li ak Etazini, kote li akòde fòs Etazini yo aksè nan 4 lòt baz militè pandan li kontinye ap eksprime plis kè-sote sou kesyon LaChin ki, dapre li, vin pi agresif.

Antant la mete nan 9 kantite total baz militè ki kalifye pou lame Etazini ede. Sa rive nan moman Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin t ap mete fen nan yon vizit 2 jou nan Filipin, e nan yon seri rankont ak prensipal otorite militè ak responsab sekirite nasyonal.

Yon kominike komen Etazini-Filipin pa di ki kote 4 baz yo ye, men li di ke y ap « pèmèt sipò pi rapid pou dezas imanitè ak lòt ki gen rapò ak klima a nan Filipin e reponn lòt defi ke yo gen an komen ».

Vizit Austin nan, ak akò a, vini apre dè mwa chita-koze nan wo nivo ant Etazini ak Filipin, pou repare relasyon ant 2 peyi yo e jwenn mwayen pou kanpe devan LaChin ki ap reklame dwa li nan Lanmè Sid LaChin.