Etazini Pwopoze pou Vaksinen Ameriken Kont COVID Yon Fwa Pa An

Yon enfimye prepare yon vaksen COVID-19 nan yon klinik nan vil Jackson, eta Mississippi, 19 Jiye 2022.

Responsab lasante Ameriken yo vle dispoze vaksen kont COVID-19 yon fwa pa an, menm jan yo konn fe pou grip la.

Administrasyon Manje ak Medikaman an deklare Lendi, li pral pwopoze yon apwoch senplifye pou ke pi fo adilt ak timoun ka vaksinen kont kowonaviris la yon fwa pa an.

Konsa, Ameriken patap oblije kenbe dosye sou konbyen vaksen yo resevwa ni kile.

Plan an pibliye nan moman anpil Ameriken refize al pran vaksen siplemante booster yo.

FDA ap mande yon panel ekspe sou vaksen pou yo bay opinyon yo sou nouvo apwoch la pandan yon rankont Jedi.

Ajans la pral prezante done ki sigjere pi fo Ameriken gen ase pwoteksyon kont kowonaviris la pou yo vaksinen yon fwa pa an.