Legliz Anglikan Prezante Eskiz li pou Konpòtman li Vizavi Moun LGBTQ yo

Foto Achiv: Sean Adl-Tabatabai (a goch) ak Sinclair Treadway kanpe ansanm anvan komansman seremoni maryaj yo nan otel de vil Camden nan nan Lond, 28 Mas, 2014.

Legliz Anglikan prezante eskiz li ofisyèlman pou fason li trete moun LGBTQ yo. Sepandan legliz la kenbe la fèm sou pozisyon pou'l pa kite koup omoseksyèl yo marye nan legliz li yo.

Se Vandredi evèk legliz yo pibliye yon rapò kote yo prezante eskiz la. Rapò sa a vini apre legliz la te pase 5 an ap fè deba sou pozisyon li ta dwe adopte sou kestyon seksyalite a.

Yo pral remèt rapò a bay asanble nasyonal legliz la, pandan yon rankont nan Lond mwa pwochen an.

Lidè legliz yo pwopoze pou yo bay koup menm sèks yo opòtinite pou yo patisipe nan sèvis relije ki gen ladann lapriyè ak dedikas, aksyon de gras oubyen benediksyon. Sepandan maryaj pa ladann. Legliz di li ka fè sèvis relije a pou yo apre yo fin marye sivil oubyen enskri patenarya sivil yo devan tribinal.