LaRisi Atake Ikrèn Ak yon Pakèt Misil

  • Serge Michel

Emergency workers remove debris of a house destroyed following a Russian missile strike in Kyiv, Ukraine, Thursday, Dec. 29, 2022. (AP Photo/Roman Hrytsyna)

LaRisi atake Ikrèn jodi jedi-a ak yon pakèt misil, pami yo youn ki te vize kapital-la Kyèv, ak vil Kharkiv.

Lame Ikrèn nan fè konnen li desann 54 nan 69 misil ke LaRisi te lanse yo.

Èd prezidansyèl nan Ikrèn, Miykhailo Podolyak poste yon Tweet ki di LaRisi lanse pou pi piti 120 misil « pou detwi enfrastrikti ki enpòtan anpil, e touye anpil sivil. »

Atak-la te deklannche alèt siren nan tout peyi-a, e otorite nan Ikrèn fè konnen sistèm defans-yo te rive desann misil ki t-ap vini yo.

« Gen yon moman k-ap rive kote teworis ris-yo pwal pran pàn misil, men moun Ikrèn p-ap janm pran pàn kouraj, devosyon pou libète ak demokrasi, ak lanmou pou peyi nou, » se sa ki di jodi jedi a nan yon Tweet anbasadè Ikrèn nan Etazini, Oksana Markarova.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ap plede pou yon plan 10 pwen ki mande pou LaRisi rekonèt teritwa Ikrèn e wete twoup li.

Kremlen an repete ankò, mèkredi, ke li rejte pwopozisyon-an, e li ensiste ankò sou pozisyon-l ke Ikrèn dwe aksepte ke LaRisi te anekse 4 rejyon apre referandòm ke Ikrèn ak lòt nasyon te rejte. 4 rejyon-yo se Luhansk ak Donetsk nan ès-la, Kherson ak Zaporizhzhia nan sid-la.