Prezidan Almay Mande Xi 'Sèvi ak Enfliyans' Lachin Pou Fè Putin Mete Fen nan Lagè Ikrèn nan

German President Steinmeier addresses nation in Berlin

Prezidan Alman an, Frank-Walter Steinmeier mande lidè Chinwa a Xi Jinping pou li sèvi ak enfliyans li pou l mande Larisi sispann lagè a nan Ikrèn.

Dapre biwo prezidan Alman an, 2 lidè yo pale nan telefòn sou dosye lagè a nan Ikrèn.

"Prezidan an te diskite sou enterè komen Lachin ak Ewòp genyen pou gen yon fen nan lagè a (nan Ikrèn) osi byen ke pou yo respekte souverènte Ikrenyen yo ak retrè obligatwa twoup Ris yo" .

"Li te mande Xi pou sèvi ak enfliyans li sou Larisi ak (Prezidan Ris Vladimir) Putin."