Grand Bretay ap Viv Yon Fredi Pa Abitye Wè

  • Serge Michel

People walk on a snow-covered pathway near the Tower Bridge, as cold weather continues in London, Dec. 12, 2022.

Grand Bretay ap viv yon fredi ki soti nan rejyon oseyan Arktik la ke li pa abitye wè nan sezon ivè.

3 timoun ki t ap jwe sou yon lak ki tounen glas toupre Birmingham ayè dimanch la pèdi lavi yo apre yo te fin plonje nan glas la. Chèn televizyon BBC fè konnen ti gason yo te gen 8 an, 11 an ak 12 an. Yon 4èm tigason, ki gen 6 lane rete entène lopital nan kondisyon grav.

Ajans nouvèl Associated Press rapòte ke sekouris te chache pandan tout lannwit la pou jwenn 2 lòt timoun ki te nan gwoup la.

Ajans nouvèl Reuters rapòte ke otorite-yo mete 2 izin chabon nan standby pou sizoka gen yon mank elektrisite pandan sezon ivèa.

Lekòl fèmen nan plizyè zòn nan Grand Bretay.