Qatar di ant '400 ak 500' Travaye Mouri Pandan Konstriksyon pou Mondyal la

Foto Achiv: Travaye mache nan direksyon stad Lusail la, ki se youn nan stad ki pral sevi pandan Mondyal Foutbol la, 20 Desanm, 2019.

Yon responsab wo plase peyi Qatar ki te patisipe nan preparasyon peyi a pou Mondyal Foutbòl la di gen ant "400 ak 500" travayè ki pedi lavi yo pandan konstriksyon an. Se premye fwa li janm bay yon chif ofisyèl.

Chif sa a bokou pi wo pase sa Doha te di anvan.

Hassan al-Thawadi, sekretè jeneral Komite Siprèm Qatar pou Livrezon ak Eritaj bay chif sa a sanzatann pandan yon entevyou ak jounalis Britanik Piers Morgan.

Nouvo done a menase pou'l bay kritik gwoup dwa moun yo plis jarèt. Yo te plenyen pou di se gras ak migran yo ke Mwayèn Oryan an gen opòtinite patwone premye Mondyal Foutbòl li. Se migran sa yo ki ede konstwi stad ki koute $200 milya dola, sistèm tren epi nouvo enfrastrikti ki te nesesè pou tounwa a.