McConnell Re-Eli Lidè Repibliken Sena Etazini

Lide Minorite Sena Etazini Mitch McConnell ki reprezante eta Kentucky. Li se yon Republiken.

Senatè Mitch McConnell, ki reprezante eta Kentucky nan Sena Etazini re-eli lidè Repibliken yo. Misye simonte defi Senatè Rick Scott, ki reprezante Florid te mete devan'l.

Scott te chèf kanpay Repibliken Sena a e anpil moun kritike misye pou echèk pati a sibi nan eleksyon mi-manda yo.

Senatè Repibliken yo re-eli McConnell Mèkredi ak yon vot 37-10. Gen yon senatè ki vote "prezan" (olye wi ou non).

Apre vot la, McConnell te di li "fyè" dèske yo re-eli li. Misye pral tounen lidè ki sèvi pandan plis ane nan Sena a, lè nouvo Kongrè a tanmen sesyon li nan nouvèl an an.

Defi Scott la vini nan moman anpil Repibliken vekse ak rezilta eleksyon mi-manda yo kote Repibliken yo pa resi reprann majorite yo te genyen nan Sena a.