Biden, Xi Fè Chita Tande 'Ouvè ak Onèt' nan Bali

Prezidan Joe Biden kanpe bo kote Prezidan Chinwa Xi Jinping anvan rankont yo nan Bali, Endonezi, 14 Nov. 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden deklare Lendi li te gen diskisyon "ouvè ak fran" ak Prezidan Lachin Xi Jinping. 2 Lidè yo te rankontre nan Bali, Endonezi kote rankont o somè Gwoup dè 20 an ap dewoule aktyèlman.

Rankont la fèt nan moman gran pwuisans yo ap eseye jere diferans yo pandan yap fè konpetisyon pou plis enfliyans nan mond lan epi nan moman tansyon ekonomik ak sekiritè yo ogmante.

Nan yon pale Biden te fè ak jounalis yo li bay detay sou konvèsasyon li ak Xi.

" Li te klè - bo kote limenm e mwenmenm ke nou pral defann enterè ak prensip Ameriken, pwomouvwa dwa moun toupatou nan mond lan epi defann lod entènasyonal la. Nou pral travay ak alye nou ak patnè nou yo. Nou pral fè konpetisyon ak tout fos men mwen pap chache konfli. Map chache jere konpetisyon sa a yon fason responsab. E mwen vle asire tout peyi repsekte règ entènasyonal yo. Nou diskite sou sa.

Xi bo kote pa li di kestyon ki pi preokipe 2 peyi yo se eta aktyèl relasyon yo.

" Eta aktyèl relasyon yo pa konfome ak enterè fondamantal pèp 2 peyi yo, e li pa konfome non plis a sa kominote entènasyonal la atann de nou. Kominote entènasyonal la atann ni aske Lachin ak Lezetazini jere relasyon yo komsadwa.

Xi ajoute yo ta dwe travay ansanm ak tout peyi pou gen plis espwa, stabilite epi devlopman.

Biden fè konnen yo te diskite sou agresyon Larisi fe nan Ikrèn nan epi reafime pozisyon ke menas ak itilizasyon zam nikleyè pa akseptab.

Biden reitere tou pozisyon Etazini pa chanje vizavi politik Yon Sèl Lachin nan.

"Politik Yon Sèl Chin nou an pa chanje. Li pa chanje. Nou opoze chanjman inilateral nan statu quo a - bo kote tou le 2 peyi yo. E nou pran angajman pou mentni lapè ak stabilite detwa Taiwan nan."

Nap raple ke politik sa a rekonèt gouvènman Peken an pandan li pèmèt Etazini gen relasyon enfomèl ak lyen defans ak Taiwan.

Kèk nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press