Iran: Amnesty International, Konseye Mezon Blanch Kritike Vyolans Kont Manifestasyon yo

  • Serge Michel

Iran Anatomy of Protest

Lapolis nan Iran tire pou pi piti nan yon katye nan Sanandaj, kapital pwovens Kirdistan nan Iran, pandan Amnesty International ak konseye Mezon Blanch sou sekirite nasyonal kritike vyolans la ki vize manifestan ki fache pou lanmò Mahsa Amini.

Pandanstan, pou premye fwa, kèk travayè petwòl nan 2 rafinri enpòtan te antre lendi nan manifestasyon. Se premye fwa yon endistri kle pou Iran antre nan rebelyon kont rejim nan kote lwa yo chita sou prensip relijyon leta a.

Amini pèdi lavi l anba men lapolis moralite ki te arete l poutèt li pa te ranje nan tèt li kòmsadwa vwal hijab la.