Kout Zam ak Eksplozyon nan Lari Iran

  • Serge Michel

A picture obtained by AFP outside Iran, shows people gathering next to a burning motorcycle in the capital Tehran on October 8, 2022.

Moun te tande bonè maten an bri ki t ap fè eko e ki sanble kout zam ak eksplozyon nan lari yon vil nan lwès Iran, youn nan pwen cho pou manifestasyon k-ap fèt apre lanmò yon jèn dam 22 lane

. Nouvèl yo fè konnen fòs sekirite yo touye pou pi piti yon mesye nan yon vilaj toupre a, dapre militan yo.

Ensidan sa yo rive pandan manifestasyon ap fè raj nan vil, bouk ak vilaj nan tout Iran akoz lanmò Mahsa Amini 16 Septanm pase a anba men lapolis moralite nan kapital la Teheran.

Gouvènman Iran an ensiste pou di ke yo pa te maltrete Amini, men fanmi li di kò li gen mak kote li kòche, ak lòt siy ke yo te bat li. Lòt video te parèt apre sa ki moutre fòs sekirite k ap bat e k ap trennen manifestan fanm, pami yo medam ki chire vwal pou kouvri tèt yo a ki rele hijab, ki obligatwa.