Washington Pral Voye $625 Milyon Èd Militè Bay Ikrèn

Illustration US and Ukrainian president's Joe Biden and Volodimir Zelensky

Prezidan Joe Biden anonse pandan yon konvesasyon nan telefòn ak prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky Madi, yon nouvo kagrezon èd militè ki gen ladann ekipman militè, ke yo evalye vo $ 625 milyon , dapre sa La Mezon Blanch di laprès.

Chajman sa a pral gen ladann an patikilye nouvo Himars pou lame Ikrenyen an, ki se yon sistèm pou lanse misil ki pwisan, e ki jwe yon wòl enpòtan nan dènye pwogrè militè Ikrenyen yo te fè sou teren an kont Larisi.