Larisi Itilize Dwa Veto Li Pou l Bloke yon Rezolisyon Konsèy Sekirite ki Kondane Aneksyon 4 Rejyon Ikrèn yo

UN Russia Ukraine War Nuclear Threats

Larisi te sèvi ak veto li san sipriz pou anpeche adopsyon yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini ki kondane aneksyon 4 rejyon Ikren yo.

Nicolas de Rivière, ki se Reprezantan Pèmanan peyi Lafrans nan Nasyonzini ak Prezidan Konsèy Sekirite a, te di manm yo: "Pwoje rezolisyon an pa adopte apre vòt negatif yon manm pèmanan ."

10 peyi te vote pou adopte rezolisyon konsèy la, Larisi te vote kont, 4 peyi te abstèni: Lachin, End, Brezil ak Gabon.