Responsab Biwo Dwa Moun l-ONU Kondane Koukou-Wouj Vyolan Fòs Sekirite Iran yo Fè nan Manifestasyon yo

  • Serge Michel

Norway Iran

Responsab biwo dwa moun nan l-ONU kondane koukou-wouj vyolan fòs sekirite Iran yo dèyè manifestan ki move kou kong akoz lanmò yon jèn dam ke otorite yo te akize kòmkwa li pa te konfòme li ak regleman estrik sou jan medam dwe abiye nan Iran.

Manifestasyon te pete nan 15 pwovens peyi a apre lanmò Mahsa Amini anba men lapolis. Se nan dat 13 Septanm sa ki rele lapolis moralite te arete l poutèt li pa ta ranje vwal li sou tèt li kòmsadwa.

Biwo l-ONU pou Dwa Moun fè konnen li difisil pou jwenn chif ekzat sou kantite manifestan ke fòs sekirite yo nan Iran ta touye, blese oubyen arete. Se akoz restriksyon sou telekominikasyon. Laprès leta mete kantite moun ki tonbe yo nan 41.

Sepandan, dapre pòtpawòl l-ONU Ravina Shamdasani, òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) k ap swiv sityasyon an rapòte plis moun ki pèdi lavi yo. Li di ke yon sous ke li ka fè konfyans rapòte 76 ka lanmò, pami yo fanm ak timoun.