Azi

Kore di Nò Lanse Misil Apre Harris Kite Kore di Sid

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris, mitan, kanpe bo kote liy demakasyon an nan zon demilitarize a (DMZ) ki separe 2 Kore yo, nan Panmunjom, Kore di Sid, Jedi 29 Sept. 2022.

Kore di Nò lanse 2 misil balistik kout pòte nan lanmè a pou defye vizit Vis Prezidan Kamala Harris te fè nan Kore di Sid kote li mete aksan sou angajman "fèm" Etazini pran pou'l pwoteje sekirite alye li yo nan Lazi .

Esè nikleyè yo fèt apre Harris te monte nan avyon pou'l tounen Ozetazini.

Se twazyem seri lansman misil Kore di Nò fè semèn sa a kote li ogmante kantite misil li lanse pandan lap akselere jefò pou ogmante asnal li epi mete presyon sou Washington pou'l aksepte peyi a kòm pwisans nikleyè.

Harris mete fen nan eskal li ann Azi ki te dire 4 jou, ak yon vizit nan zòn demilitarize ki divize Presil Koreyen an, kote li te pale sou menas Nò a ke Etazini konsidere kòm ostil prezante de plizanpli pou rejyon an.