Gad Revolisyonè Iran Deklanche yon Vag Atak Drone

  • Serge Michel

Iran Protests

Gad Revolisyonè Iran an ki gen anpil pouvwa deklannche lendi yon vag atak drone ak pyès kanno ki vize sa Iran kalifye kòm baz Kurd separatis iranyen nan nò Irak, dapre sa yon ajans nouvèl semi-ofisyèl rapòte.

Se 2èm ofansiv konsa pa lòt bò fwontyè depi samdi, nan moman kote Iran ap goumen pou kontwole manifestan depi lanmò yon dam Kurd ki te gen 22 lane, ke lapolis moralite nasyon an te arete.

Yon reprezantan youn nan gwoup separatis yo nan Irak ke atak la te vize a – atak ki te frape zòn Sidikan nan rejyon nò Irak ke Kurd ap dirije – fè konnen pa gen moun ki viktim.

« Jodi-a se 3 fwa, Repiblik Islamik Iran-an bonbade flan Mòn Halgurd kote fòs nou yo baze, » se pawòl Atta Nasir, yon manm komite santral Komala, yon pati opozisyon kurd ke Iran te ekzile. Li te pale ak ajans nouvèl Associated Presse etan nan katye jeneral pati a toupre fwontyè Iran-Irak-la.