Teheran Akize Grand Bretay ak Nòvèj Deske Yap Foure Bouch Nan Zafè Peyi Iran

  • Serge Michel

Ebrahim Raisi, yang menjabat sebagai presiden Iran bulan ini, berbicara dalam konferensi pers di Teheran, Iran 21 Juni 2021. (Foto: Majid Asgaripour/WANA via REUTERS)

Teheran reponn Grand Bretay ak Nòvèj deske, dapre li, peyi sa yo antre bouch yo nan zafè Iran e daprezavwa yo bay repòtaj, li di, ki moutre yo se lènmi peyi a nan rebelyon k ap dire nan Iran an. Sa ki te deklannche rebelyon sa a se lanmò yon jèn dam ki te anba men lapolis moralite peyi a poutèt li pa te pote vwal li kòmsadwa, dapre sa ajans nouvèl semi-ofisyèl IRNA rapòte dimanch.

Ministè Afè Etranjè Iran an te konvoke anbasadè Grand Bretay ak Nòvèj samdi a pou ba yo mesaj pwotestasyon gouvènman an.

Teheran pale de « karaktè rayisab » ki parèt nan laprès an lang peyi-a, lang perse, pandan li plenyen bay diplomat Nòvèj la sou pozisyon prezidan palman peyi sa a tankou li ta vle entèvni nan Iran, lè dirijan sa a te moutre sipò pou manifestan yo sou Twitter.

Jake Sullivan, konseye sekirite nasyonal Prezidan Etazini Joe Biden, di nan pwogram chèn televizyon ABC « This Week, » dimanch, ke manifestasyon nan Iran yo « reflete kwayans anpil moun ke manifestan yo merite pou peyi a respekte diyite yo ak dwa yo » e ke Etazini sipòte yo.