Kremlin Pare pou Relasyon 'Konstriktif' ak Nouvo Premye Minis Itali Giorgia Meloni

Giorgia Meloni

Kremlin an deklare ke yo prè e disponib pou gen relasyon "konstriktif" ak Itali apre viktwa Giorgia Meloni ranpòte nan eleksyon lejislatif yo. Li se manm pati ekstrèm dwat ki rele Fratelli d'Italia (Fre d Itali) .

Jounalis yo te kesyone Dmitry Peskov ki se pòtpawòl prezidans Ris la sou viktwa Madam Meloni. Misye di: "Nou pare pou salye nenpòt fòs politik ki kapab simonte andikap ki etabli ak rayisman anvè Larisi (...) epi nou pare pou nou gen relasyon konstriktif ak yo".