Vatikan: Reponn Kritik ki di Pap La Pa Kondane Lagè Larisi ap Menen Kont Ikrèn

Pope Francis

Vatikan te defann gwo akisasyon kont Pap Franswa ki di kom kwa li pa t fè ase pou kondane lagè Larisi kay vwazen li Ikrèn. Vatikan di ke Pap la wè klèman ke lagè Moskou te lanse a kòm "repiyan".

Semèn pase a, Ikrèn te konvoke tèt diplomat Vatikan an pou pote plent konsènan yon dènye kòmantè Pap Franswa te fè.

Nan yon odyans piblik nan Vatikan an, Pap Franswa te fè referans ak yon jounalis ris sa ki te travay nan televizyon nasyonal Ris ki te mouri nan yon machin ki pyeje ak bonm nan Moskou, pap la te di se yon "ti fi pòv."

E yon lòt kote li te rele òfelen nan Ikrèn ak Larisi "viktim inosan" de lagè a.

Vatikan an nan Madi ensiste ke Pap la, nan remak sou lagè a te kondane li ak tou fòs li.