Kolonbi : Gouvènman Petro a Rekonèt Maduro Kòm Prezidan Venezyela, pa Juan Guaidó

Combo Petro Maduro

Pou premye fwa depi plis pase 3 zan, Venezyela aksepte yon anbasadè peyi Kolonbi rantre nan peyi li, sa ki make yon gwo pa nan direksyon nòmalizasyon ou retablisman rapò diplomatik ant 2 peyi vwazen sa-yo.

Relasyon bilateral sa-yo rekòmanse ak nouvo gouvènman Gustavo Petro , premye prezidan gochis nan tout istwa peyi Kolonbi. E Petro deklare ke li Se Maduro ki Prezidan Venezyela.

Anbasadè Armando Benedetti remèt lèt de kreyans li bay Prezidan Maduro nan palè Prezidansyel la nan mitan yon bel anbyans ak ri e akokolad, sa ki akredite-l kòm anbasadè Kolonbi nan Venezuela apre arive-l nan peyi a dimanch ki sot pase la-a

Nouvo anbasadè kolonbyen-an nan Venezuela Armando Benedetti kit e rive nan Palè prezidansyèl la ak minis afè etranjè venezyelyen-an Carlos Faría.

Anbasadè Armando deklare ke relasyon peyil ak Venezuela pat janm dwe kraze. Nou se frè, yon liy imajinè pa dwe separe nou , alewè pou yon politik piblik deta tankou sa ki te fèt sou prezidan Duke a.

Depi 2015 komès ant 2 peyi yo te kanpe lè prezidan Nicolás Maduro te pase lòd pou fèmen fwontyè. Pon yo te fèmen e se selman pyeton ki te ka pase toujou ak entèdiksyon pou you pa pote machandiz .

Dènye gwo devlopman nan koupe-fache ant 2 peyi-yo se te an 2019 lè prezidan Maduro te koupe relasyon diplomatik-yo e mande kò diplomatik kolonbyen-an pou l kite Venezuela nan 24 trè .

Prezidan Maduro resevwa lèt kkreyans anbasadè Benedetti nan palè Prezidansyel la nan mitan yon bèl anbyans ak ri e akolad .