Blinken: Gen Gwo Enkyetid sou Nouvèl ki Pale de yon Lidè Politik nan Opozisyon-an ki Anba Kòd nan Kongo

  • Serge Michel

U.S. Secretary of State Anthony Blinken visits South Africa

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken di li gen enkyetid sou nouvèl ki pale de yon lidè politik nan opozisyon-an ki anba kòd nan Kongo.

Nan 2èm jou vizit-li nan nasyon sa-a nan sant Afrik-la, Blinken fè konnen delegasyon-li-a t-ap “chache jwenn plis verite sou sa-k pase-a” konsènan arestasyon-an ki fèt, dapre sa-l di, “nan dènye 24 è-yo”. Blinken ajoute ke delegasyon-li-a te soulve kesyon sa-a ak gouvènman Kongo-a, e li konsidere ke sa ka bay pwoblèm pou eleksyon ki gen pou dewoule lòt ane.

Blinken te rankontre tou ak Premye-minis peyi Kongo, Jean-Michel Sama Lukonde, e te resevwa kèk pèsonalite tankou loreya Pri Nobèl Lapè Doktè Denis Mukwege nan anbasad Etazini nan kapital Kongo-a Kinshasa.