Biden Bat Bravo Pou Sena a Ki Vote an Favè Gwo Refòm Nan Sante ak Klima Li te Pwopoze Yo

Biden Out of the Room

Prezidan Ameriken Joe Biden dimanch bat bravo pou sena peyi ki vote an favè pwoposisyon plan li sou chanjman klimatik e sou lasante, apre yo te pase plis pase 18 mwa nan plizyè negosyasyon difisil.

"Te gen anpil konpwomi" se sa lidè Demokrat la te di nan yon deklarasyon, e li mande Chanm Reprezantan rapid rapid pou pase lwa a san pèdi tan.