FBI: Al-Kayda Gen yon Fèm Volonte pou L Frape Lèzetazini, Malgre Lanmò Lidè Gwoup la

FBI Director Christopher Wray testifies at a Senate Judiciary Committee oversight hearing, at the Capitol in Washington, Aug. 4, 2022.

Washington - Direktè Sèvis Ransèyman Ameriken an (FBI), Christopher Way, deklare jedi li kontinye gen preyokipasyon devan posiblite pou rezo teworis al-Kayda ta lanse (oubyen enspire) yon gwo atak sou Lezetazini malgre yon dwonn ameriken te elimine prensipal lidè gwoup la nan Afganistan nan wikenn pase a.

Daprè direktè Wray, ni al-Kayda, ni Eta Islamik la avèk afilye yo “gen plan pou yo lanse oubyen patwone yon seri de atak a grann echèl anndan Lèzetazini menm.” Chèf FBI la pale konsa pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jidisyè Sena ameriken an.

Lidè Al-Kaida a, Ayman al-Zawahiri, youn nan pi gwo mastèbrenn atak teworis 11 septanm 2001 yo, te mouri byen bonè nan kòmansman jounen dimanch pase a, aprè yon dwonn te tire li pandan li te nan yon kay nan sant vil Kaboul. Lè laprès mande Wray èske li panse al-Kayda oubyen Eta Islamik la kapab frape Lèzetazini si yo jwenn yon chans pou yo fè sa, li reponn: “O! Wi!”

Chèf FBI la fini pa di: “Sepandan, a kou tèm, al-Kayda, ki genyen yon leadership degrade, ta dwe plis dispoze santre atansyon li sou “devlopman aflye entènasyonal li yo epi sipòte atak sou yon echèl redui” nan rejyon tankou Afrik de Lès ak Afrik de Lwès. “