Afrik: Minis Afè Etranjè LaRisi Nan Etyopi

  • Serge Michel

Russian Foreign Minister Lavrov meets Ethiopian Foreign Minister Mekonnen in Addis Ababa

Minis Afè Etranjè LaRisi a mete tèt pou peyi Etyopi, ayè madi a, dènye eskal yon vire-won l ap fè nan 4 nasyon ann Afrik pou kontrekare kritik loksidan pou envazyon li nan Ikrèn nan.

Nasyon yo nan loksidan akize envazyon Ikrèn nan pou mank manje k ap vin pi grav nan peyi nan lès Afrik yo, pami yo Etyopi, k ap soufri anba sechrès. Men Etyopi anba presyon loksidan poutèt lagè li ak rebèl Tigre yo e poutèt yon zanmitay istorik ak LaRisi.

Sergei Lavrov pwal mete fen nan vire-won li ann Afrik la ak yon reyinyon ak otorite Etyopi yo nan Addis Abeba pandan l ap defann LaRisi kont akizasyon ki di peyi-li ap ekspòte grangou pandan l ap fè lagè Ikrèn nan.

Li pwal chache tou ranfòse relasyon ak gouvènman federal Etyopi a ki gen pwoblèm ak loksidan pandan gen akizasyon pou abi dwa moun nan konfli Tigre a.

LaRisi ak Etyopi gen bon jan relasyon diplomatik kòm patnè. Depi lagè Tigre a te tanmen an Novanm 2020, LaRusi te pwoteje Etyopi nan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an nan ensiste pou reyinyon yo fèt ak pòt fèmen e nan bloke deklarasyon ki kondane swadizan abi ke fòs Etyopi yo ta komèt.