Demisyon Rajapaksa jwenn apwobasyon ofisyèl prezidan palman an, ki di nouvo prezidan an ap soti nan eleksyon nan yon semèn pou pita.
Demisyon Rajapaksa ki gen 73 lane make yon gwo viktwa pou yon mouvman pwotestasyon ki te reklame pou l kite pouvwa a apre yon kriz ekonomik ki kite nasyon an nan latwoublay ak yon enflasyon san kontwòl ak gwo mank gaz ak medikaman, pandan bank yo pran pàn rezèv lajan pou komès ak peyi etranje.
Nan kapital la Colombo, gwo selebrasyon ak rejwisans ki te tanmen pandan lannwit la apre nouvèl ke Rajapaksa demisyonnen an te rapouswiv jouk maten an, e yo rele sa yon "moman istorik".