Lèzetazini Pral Renouvle TPS la pou Ofri Pwoteksyon Imanitè pou Migran Venezuelyen yo

US Venezuelans TPS

WASHINGTON - Lèzetazini pral renouvle Stati Tanporè Pwoteje a (TPS) pou sitwayen Venezuelyen yo, men li pa pral elaji aplikasyon pwogram nan an favè migan peyi sa a. Se Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an (DHS) ki fè anons la lendi.

Desizyon sa a kite plizyè dizèn milye Venezuelyen ki fèk rive Ozetazini san posiblite pou yo benefisye yon pwogram inanitè.

Dapre DHS toujou, Administrasyon Biden nan pral ofri yon pwolongasyon TPS la pendan 18 mwa pou Venezuelyen ki te deja Ozetazini nan dat 8 mas 2021 pou pi ta; sepandan li pa p pwolonje pwogram nan pou sila yo ki fèk rive.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, ki se yon Demokrat, deja elaji seryezman aplikasyon pwogram TPS la ki ofri pwoteksyon kont depòtasyon ak pèmi travay pou imigran ki Ozetazini si peyi yo ap konfwonte move konsekans yon dezas natirèl, yon konfli ame oubyen yon lòt evennman katastwofik. An menm tan tou, Biden te gen pou l fè fas, ni sou plan politik ni sou pratik, avèk arive yon kantite migran ki te debake sou fwontyè amerikano-meksiken an –pami yo te genyen Venezuelyen.

Minis Sekirite Enteryè a, Alejandro Mayorkas, pibliye yon deklarasyon kote l di:

“Desizyon sa a se youn nan plizyè mwayen administrasyon Biden nan ap ofri apui imanitè pou Venezuelyen yo, ni sa ki nan peyi yo, ni sa ki aletranje.”