Azi

Japon: Viktwa Lavalas Pou Pati Konsèvatè a nan Eleksyon Palmantè

  • Serge Michel

Japan Election

Viktwa lavalas Pati Konsèvatè a nan eleksyon ki dewoule ayè dimanch la nan Japon ka ede pare teren pou yon revizyon istorik nan konstitisyon pasifik peyi a, men kèk analis avèti ke yon revizyon konsa pa sèten ditou akoz gwo divizyon nan piblik la sou kesyon an.

Pati Demokratik Liberal ki sou pouvwa a, LDP, ak patnè li nan koalisyon-an, Komeito, ki nouvo nan sistèm politik la, te mete ansanm pou yo pran yon pi gwo majorite nan sena japonè a, dapre rezilta ki pa ofisyèl ke responsab yo ka finalize jodi lendi a. Fòs politik ki sipòte yon revizyon nan manman-lwa peyi a genyen tou 2-tyè syèj yo nan chanm nan, sa ki ka ede fè yon amandman.

Vòt sa a fèt 2 jou apre asasinay Shinzo Abe, premye-minis ki te fè plis tan sou pouvwa a nan Japon. Abe pèdi lavi l anba bal asasen pandan li t ap fè yon diskou kanpay nan

Niara, Japon. Malgre li te demisyonnen an 2020, Abe te rete yon gwo fòs politik pou pouse Japon pran pozisyon pi djanm nan kesyon defans.