Iran: Vis-Anbasadè Wayòm Ini an Anba Akizasyon Espyonaj

  • Serge Michel

Abedin Khorram, Governor of East Azerbaijan Province (Photo: IRNA)

Televizyon leta nan Iran fè konnen mèkredi a, Gad Revolisyonè paramilitè peyi a akize vis-anbasadè Wayòm Ini an ak lòt etranje ki nan peyi a de espyonaj e ke yo te pran echantiyon tè nan zòn militè kote yo pa gen dwa antre.

Ajans nouvèl peyi a IRNA rapòte ke etranje yo te jwenn arestasyon yo men li pa di ki lè. Biwo Wayòm Ini pou Etranje a demanti byen vit ke yo te arete diplomat li, e li kalifye nouvèl sa a kòm "100 pousan fo".

Televizyon leta Iran te moutre video kote, li di, etranje t ap kolekte echantiyon tè pandan drone t ap swiv yo.

Tanpèt akizasyon an vini apre tansyon yo ogmante sou kesyon Teheran k ap arete etranje, e sou travay nikleyè li k ap vanse rapid, pandan chita-koze pou resisite akò nikleyè istorik 2015 la rete bloke.

Iran arete yon pakèt moun ki soti ann Ewòp nan mwa ki pase yo, pami yo 2 Franse ak yon touris ki soti an Swèd, pandan l ap chache mete l nan pozisyon pou li gen fòs nan negosyasyon yo.