Biden Pwomèt “ Washington Pral Ede Ikrèn Toutotan Ke Sa Va Nesesè”

President Joe Biden speaks during a news conference on the final day of the NATO summit in Madrid, June 30, 2022.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, bay garanti jedi ke Lèzetazini pral apiye Ikrèn “osi lontan ke ap nesesè” e li anonse Wachintonn pral bay Kyèv yon lòt pakè asistans militè pou 800 milyon dola. Nan seremoni final somè LOTAN an nan Madrid, lidè ameriken an deklare:

“Nou pral rete bò kote Ikrèn e tout manm alyans la pral rete bò kote Ikrèn toutotan ke sa va nesesè pou n gen garanti ke Larisi pa bat li.”

Biden ajoute: “Mwen pa konnen kijan ni kouman sa pral fini.” Sepandan li pwomèt “sa pa pral fini ak yon defèt Ikrèn.”

Se konsa tou prezidan ameriken an fè konnen Lèzetazini pral bay Ikrèn yon lòt pakè asistans militè pou “plis ke 800 milyon dola”, asistans ki pral gen ladan zam defans anti-ayeryen, atiyri ak lòt kalte ekipman. Biden deklare tou Wachintonn pral bay detay sou nouvo èd sa a “nan jou k ap vin la yo.”

Nan semèn ki pase yo, Lèzetazini modifye fason li fè livrezon zam pou Ikrèn dekwa pou l te pran an konsiderasyon le fèt ke konfli a konsantre kounyela a nan pati lès peyi a; li vin pi rete an plas, kote atiyri ap jwe pi gwo wòl la.

Wachintonn kòmanse mete espesyalman a la dispozisyon Ikrenyen yo sistèm lans-wòkèt mobil Himars –pou High Mobility Artillery Rocket System- ki gen yon pòte 80 kilomèt. Yon lòt kote, Lèzetazini gen plan pou l fè Ikrèn genyen nan lavni kapasite defans ayeryen ki pi sofistike e ki va gen pòte mwayen ak long pòte.