Ikrèn :2 Veteran Nan Lame Amerikèn, Disparèt

Russia Ukraine Missing Americans

Depi plizye jou deja, moun pa gen nouvèl 2 ansyen manm lame amerikèn nan, moun Alabama, ki te nan Ikrèn kote yo t ap ede lame peyi a nan lagè kont Larisi a e ki disparèt.

Se manm asanble lejislatif Eta Alabama a ki bay nouvèl la mèkredi. Non 2 ansyen sòlda yo se Alexander Tuscaloosa ki gen 39 van, avèk Andy Tai Ngoc Huynh, ki gen 27 tan. Fanmi 2 mesye yo rete an kontak avek ni Chanm Depite A ni Sena a pou yo kapab gen enfòmasyon sou ki kote yo ye, dapre sa biwo près 2 chaNm yo di.

Depite Robert Adereholt fè konnen Huynh te pote l volontè pou l al goumen POU lame Ikrèn nan kont lame ris la; sepandan fanmi li pa GEN nouvèl li depi le 8 jen, jou kote li te nan rejyon Karkiv, nan pati nòdès Ikrèn, tou prè fwontyè peyi a avèk Larisi. Huynh ak Druke te ansanm, daprè yon asistan Aderholt.