Larisi Konvoke Responsab Medya Ameriken yo nan Moskou - Avètisman kont “Dispozisyon Sevè”

ប្រធានាធិបតីរុស្ស៊ីលោក Vladimir Putin ថ្លែងនៅក្នុងកិច្ចប្រជុំជាវីដេអូ ជាមួយប្រមុខរដ្ឋនៃប្រទេសជាសមាជិករបស់វេទិកាសេដ្ឋកិច្ចអាស៊ីអឺរ៉ុប នៅទីក្រុងមូស្គូ ប្រទេសរុស្ស៊ី ថ្ងៃទី ២៦ ខែឧសភា ឆ្នាំ ២០២២។

Nan Larisi, Ministè Afè Etranjè a anonse l ap konvoke responsab medya ameriken ki nan Moskou yo nan yon rankont ki fikse pou lendi pou mete yo okouran dispozisyon malouk yo ka pran kont yo kòm reyaksyon apre restriksyon Lèzetazini pran kont medya ris yo. Pòtpawòl ministè a, Maria Zakharova, deklare:

“Si responsab ameriken yo pa nòmalize travay medya ris yo Ozetazini --travay jounalis yo, fotograf yo ak pwodiktè yo-- nou pral pran innevitableman mezi ki pi sevè yo.” Li ajoute:

“Nan jounen lendi 6 jen an, responsab tout medya ameriken yo nan Moskou jwenn envitasyon pou yo prezante nan sant de près Ministè Afè Etranjè a kote nou pral eksplike yo konsekans pozisyon ostil gouvènman yo a pran nan domèn medyatik la. Se ak enpasyans n ap tann jou sa a.”

Depi Larisi te anvayi Ikrèn nan mwa fevriye pase a, li lanse yon kanpay sereboulon kont medya k ap fè repòtaj sou konfli a, kote li prevwa yon tou prizon 15 zan pou jounalis k ap simaye sa otorite yo rele “fake news”, oubyen fo nouvèl, konsènan sa yo prezante kòm yon “operasyon militè espesyal” nan Ikrèn.