Azi

Pakistan Voye Yon Delegasyon 50 Manm Negosye Ekstansyon yon Trèv Avek Taliban

PAKISTAN-HOUSING-LANDSCAPE

Gouvenman Pakistan an voye yon delegasyon 50 manb lidè tribi yè mekredi a nan Kabul pou negosye ekstansyon yon trèv avek Taliban pakistanè yon trèv ki rive nan bout li semèn sa a daprè 2 responsab sekirite.

Chita tande ant 2 pati yo ki te debouche sou seselfe a nan le pase se Taliban nan Afghanistan yo ki te patwone-l. Pakistan Taliban yo ke yo konnen kom Tehrik-e-Taliban Pakistan oubyen TTP se yon gwoup separe men alye avek Afghan Taliban ki te sezi pouvwa a nan peyi yo nan

mwa out pase nan moman solda Etazuni ak solda L’Otan te nan stad final retrè yo nan Afghanistan.

TTP a te dèyè plizyè atak nan Pakistan nan 14 zan ki pase yo e li pase lontan ap goumen pou yo enpoze lwa islamik pi sevè nan peyi a , liberasyon manb yo ki anba men gouvenman an e yon reduksyon nan prezans militè Pakistanè nan ansyen rejyon tribal peyi a.

Dènye seselfe a rive nan bout li madi. Yon trèv menm jan an te siyen ant TTP a ak Pakistan –trèv ke Afghan Taliban te patwone nan mwa novanm pase e li te dure yon mwa selman. Sepandan, pa gen oken nan seselfe sa yo ki pare chemen an pou yon akò lapè pi pèmanan.

Pa gen okenn komantè ofisyel ki soti bò kote gouvenman Pakistanè a ni bò kote Taliban nan Afghanistan.