Mozole Lincoln nan Gen 100 an

  • Serge Michel

lincoln memorial (right side close-up)

Moniman Lincoln nan Washington, ke yo te inogire 30 Me 1922, se yon senbòl ke Ameriken renmen anpil nan Etazini. Li onore 16èm prezidan Etazini, Abraham Lincoln, ki te dirije peyi a soti an 1861 pou rive an 1865 e ke anpil fwa moun konsidere kòm pi gran prezidan ameriken.

Lincoln, ki te batay pou mete fen nan esklavaj pandan li t ap prezève nasyon an, te dirije peyi a pandan Gè Sivil la ki te bay anpil boulvès, ki sete yon konfli ant Etazini ak Etazini Konfedere-yo, ki sete 11 eta nan sid la ki te separe ak Inyon-an.

Momiman an te bati plis pase 50 lane apre pou geri divizyon yo ki te fè mal, e ke gè a te lakoz. Divizyon sa yo, ki te gen nan yo rasism, yo la toujou jounen jodi a.

Blan yo nan Sid la te wè Lincoln kòm sa yo rele yon despòt, kidonk yon lidè ki te renmen peyi-l, men ki te fè sa ki nan lide l, dapre Kate Masur, yon istoryen nan Inivèsite Northwestern.

Chak ane, Moniman Lincloln nan atire plizyè milyon vizitè nan Washington. Deyò, li sanble ak Parthenon, tanp selèb nan lantikite peyi Grès la. Andedan li gen yon estati Lincoln an mab ki gen yon wotè 6 mèt.