Yon Jèn Jan Fè Anpil Sansasyon sou TikTok Pami Migran yo

Your browser doesn’t support HTML5

Yon Jèn Imigran Fè Sansasyon sou TikTok Pami Migran yo

Nan moman 3 Kiben ki tap chache azil tap goumen pou travèse yon rak bwa ak baryè fil de fè pou antre Ozetazini, yon vwa trè familye te akeyi yo.

Militan Carlos Eduardo Espina tap difize trajè a ak dirèk sou TikTok, e li te esplike sakap pase pandan plizyè milye fanatik tap swiv.

"Stil videyo sa a ke mwen mete sou TikTok dire 10 segond epi apre sa gen yon lot tou kout. Se yon bagay ki konvenyan pou migran yo sitou lè yap mache pou travèse Meksik oubyen Amerik Santral,"Espina esplike.

Misye se yon etidyan dwa ki gen 25 an e li te komanse pibliye videyo an panyol sou TikTok sa gen 2 zan desa, pou ede migran yo konprann pi byen sistèm imigrasyon Etazini an.

Kounyea gen 3,1 milyon moun kap swiv li e videyo li yo popilè a mo. Pami sijè li trete, gen aktyalite epi konsèy sou kijan migran yo ka rive Ozetazuni an sekirite.

Videyo militan yo bay avètisman sou zon kote yo wè kokodil, dènye devlopman yo pa rapo ak Tit 42, epi deskripsyon efè pèsonèl migran yo kite dèyè.

"Si ou pa gen aksè ak yon televizyon kisa pou'w fè ou ka pran telefon ou epi gade yon videyo 10-15 segond sou TikTok. Wap jwenn nouvèl epi ou ka kontinye sou chemen w. Donk mwen jwenn yon kokenn odyans pou migran yo sou TikTok - isit Ozetazini ak sa ki an tranzit yo," li deklare.

Lè solèy la kouche nan Rio Grande a, anpil pami 120 Kiben, Kolonbyen ak Venezyelyen ki antre nan dlo a pou travèse rekonèt Espina.

Migran Laura Martinez, moun Ondiras di Espina li apresye videyo li yo e li konte sou konsèy li bay.

"Nou swiv misye sou telefon nou," Martinez esplike.

Youn nan dènye videyo Epina pibliye yo avèti migran yo sityasyon an nan rivyè a danjre donk pa chache travèse.

A yon distans, nou te ka wè migran kap kriye apre yo rive nan destinasyon final yo.

Espina di limenm li te imigre legalman nan Texas lè li te gen 5 an, ansanm ak papa li ki se moun Urugwe epi manman ni ki se yon Meksikèn. Misye ap travay kom militan nan kominote a depi li tinedjè.

Espina di li te vinn ofri konsèy bay migran yo depi Eagle Pass nan Texas paske li fasil pou travèse antre Ozetazini nan zon sa a. Migran yo ka travèse rivyè a nan kèk minit, san yo pa oblije peye moun kap fè kontrebann yo.

"Mantalite mwen se ke mwen la, fanmi'm te jwenn posibilite imigre, jodia mwen se yon sitwayen Ameriken pouki pou lot moun pa gen menm opotinite a? Mwen gen anpil benediksyon paske mwen te ka al lekol," Espina deklare. "Kounyea map aprann dwa. Mwen ka travay, mwen ka kontribye a sosyete a. Ou konnen mwen ta renmen pou moun gen menm opotinite yo men mwen vle enfome yo tou paske mwen vle pou yo rete an sekirite e pa pran desizyon ki taka mete lavi yo an danje, donk mwen vle ede men m'vle enfome tou."

Vale Rio Grande Texas la se youn pami seksyon frontyè Etazini ki gen plis aktivite pami 9 zon kote Gad Frontyè yo ap fè patwouy. Del Rio gen anpil aktivite tou. Yuma nan eta Arizona se yon lot zon ki popilè pami migran yo paske yo ka travèse Ozetazini ase fasilman tou.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.