Taliban Egzije pou Fanm ki Parèt nan Televizyon Lokal Kouvri Figi yo

  • Serge Michel

FILE - Burqa-clad women walk along a street in Kandahar on May 7, 2022.

Nan Afganistan, Gouvènman Taliban an òdone chèn televizyon lokal yo ayè jedi a, pou yo asire ke fanm ki ap prezante nouvèl yo kouvri figi yo sou ekran an, sa ki ap redui sou dwa fanm yo malgre tout mond la ap kritike li pou sa.

Ògàn laprès yo konfime ke yo te resevwa òdonans la ki soti nan Ministè Vis ak Vètu, ki responsab pou entèprete e fè respekte jan Taliban an prezante lwa Sharia Islamik la.

Chèn televizyon nouvèl Tolo fè konnen nan yon kominike ke responsab yo nan ministè a kalifye nouvo lòd la kòm "yon desizyon final ki pa mande diskisyon." Tolo ekri sou Twitter ke "Nouvo lòd la ekzije pou medam ki ap prezante nouvèl nan tout chèn televizyon yo kouvri figi yo pandan y ap fè pwogram yo."