Pandan Israel ak Palestinyen yo ap diskite sou asasinay jounalis Al Jazeera, Shireen Abu Akleh, plizyè gwoup endepandan lanse pwòp ankèt pa yo. Yon ekip ki ap sèvi ak sous tou-louvri pou rechèch li di, dapre premye rezilta li jwenn yo, li ta plis kwè temwen palestinyen yo ki di se israelyen ki tire jounalis la.
Rezilta ankèt sa yo ka ede fòme opinyon entènasyonal sou kesyon pou konnen kilès ki responsab pou lanmò Abu Akleh, sitou si yon ankèt ofisyèl lame Israelyen ap trennen.
Abu Akleh, yon dam Palestinyen-Ameriken ki se yon veteran 25 lane nan televizyon ki fonksyone sou satelit la, pèdi lavi li, mèkredi semèn pase pandan li t ap kouvri yon desant dè lye Israel nan kan refijye Jenin nan Sisjòdani okipe. Sete yon gwo non nan mond arab la pou jan li te konn dokimante nan ki tray pèp palestinyen an ap viv anba okipasyon Israel depi 6 dizèn lane.