Tout 11 Moun ki Mouri nan Nofraj Pòtoriko a, se Fanm

This photo released by the Seventh U.S. Coast Guard District shows people standing on a capsized boat, left, as some of its passengers are pulled up on to a rescue boat, top, in the open waters northwest of Puerto Rico, May 12, 2022.

Otorite ameriken yo te anonse vandredi ki sot pase la a, 11 moun ki mouri nan nofraj bato ki t ap pote migran nan Pòtoriko yo se te fanm. Dapre nouvel yo, 38 moun ki pat peri nan nofraj la e majorite migran yo se sitwayen ayisyen ak dominiken.

Responsab ameriken presize, rechèch pou jwenn lòt sivivan posib ap kontinye nan zòn kote aksidan an rive , nan nò zile Desecheo.

Pami sivivan yo gen "36 ayisyen ak 2 dominiken, 8 ladan yo rete lopital", dapre sa moun ka li vandredi sou paj Twitter Gad Kòt Ameriken.

Premye minis ayisyen an , Ariel Henry , prezante vandredi kondoleyans li bay fanmi viktim yo ki, daprè li, se nasyonalite ayisyen an.