Ikrèn Anonse Kòmansman Jijman Sòlda Ris pou Krim de Gè

FILE - Russian soldiers walks along a street in Mariupol on Apr. 12, 2022, as Russian troops intensify a campaign to take the strategic port city, part of an anticipated massive onslaught across eastern Ukraine.

Zaporihzhia, Ikrèn - Nan Ikrèn, yon otorite lajistis bay detay mèkredi sou plan li genyen pou l òganize premye jijman pou krim de gè kont yon solda ris lame peyi a te kaptire nan moman gwo batay t ap dewoule nan pati lès ak sid Ikrèn e pandan Moskou t ap pale de posiblite pou l anekse yon pati nan peyi a ke l te sezi nan kòmansman envazyon an,

Pwokire Jeneral Iryna Venediktova, fè konnen biwo li akize Sèjan Vadin Shyshimarin, ki gen 21 nan, dèske li te tire e touye yon sivil san zam pandan sivil la te sou yon bisiklèt nan mwa fevriye a, 4 jou apre lagè a te kòmanse.

Shyshimarin gen pou l reponn akizasyon dèske li te tire sou vit yon machin ke bal la t al pran viktim nan, nan vil Chupakhivka, ki nan pati nòdès Ikrèn. Mèt Venediktova di sòlda a kapab pran 15 zan prizon san l pa presize ki lè jijman an pral kòmanse.

Biwo pwokirè a fè konnen l ap mennen ankèt sou plis pase 10 mil 700 ka krim de gè solda ris yo ta komèt e li deja idantifye 600 moun yo sispèk ki ta mele nan krim sa yo.