S&P 500 pèdi 2,3 pousan nan tranzaksyon ki fèt lendi apre-midi, kidonk 1,1 pousan apre li te fin soti nan 5èm semèn kote se pèt sèlman li t ap anrejistre, premye fwa sa te rive depi plis pase yon dizèn lane. Mache bousye yo ap desann toupatou nan mond la. Non sèlman aksyon yo pèdi valè nan tout Ewòp la ak anpil kote nan Azi, men tou se tout bagay ki pèdi valè, soti nan petwòl brut la nan ansyen ekonomi an pou rive nan nouvo ekonomi an ki baze sou bitcoin.
Dow Jones Industrial Average pèdi 374 pwen a 3:16 lendi apre-midi nan lè New York ak Ayiti, e Nasdaq pèdi 3,4 pousan kote se konpayi ki baze sou teknoloji, ki vann pifò aksyon yo nan mache bousye a.