Lèzetazini ap Transfere nan Ikrèn Kèk Elikoptè Militè Ki Te Sipoze al Jwenn Afganistan

Polish Mi-17 helicopters

Islamabad — Lèzetazini ap bay Ikrèn 16 elikoptè MI-17 ke Afganistan te dwe resevwa. Nouvèl sa a sòti mekrèdi nan yon ajans amerikèn ki la pou suiv de prè evennman yo nan peyi azyatik la.

Depatman Defans ameriken an te fè Kongrè a konnen, nan mwa janvye pase a, li te gen plan pou l bay gouvènman ikrenyen an 5 nan elikoptè yo ki te fabrike nan Larisi e ki te nan yon enstalasyon nan Ikrèn kote yo t ap repare yo.

Enspektè Jeneral Espesyal pou Rekonstriksyon Afganistan an fè remake semèn sa a, nan yon rapò li soumèt chak 3 mwa devan Kongrè a, “Ikrèn te aksepte materyèl defans sa yo nan dat 11 mas la.” Rapò a di: “Nan mitan mwa avril la, Prezidan Joe Biden te anonse yon pwogram asistans militè pou Ikrèn ki t ap gen ladan li 11 elikoptè MI-17 ki te sipoze al jwenn Afganistan.

An jeneral, yo itilize elikoptè MI-17 yo pou transpòte twoup ak ekipman militè. Ikrèn se youn nan ansyen repiblik sovyetik ki gen lakay yo enstalasyon ak meteryèl ki ka repare tip elikoptè sa yo.