Lavrov Avèti l'Oksidan sou Danje ki Poze pou yon 3yèm Gè Mondyal

Russian and UAE foreign ministers meet in Moscow

Chèf diplomasi Ris la, Sergey Lavrov, te avèti oksidantal yo lendi kont danje "reyèl" ki genyen si ta gen yon twazyèm gè mondyal.

Dapre ajans nouvel Interfax la Lavrov te di "Danje a grav, li reyèl, nou pa ka souzèstime l."

Lavrov te akize Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy kòmkwa li "pretann" li ap negosye. Li kontinye poul di ke Larisi ap "kontinye fè negosyasyon ak ekip ke ( Zelenskyy) delege, e negosyasyon sa yo ap kontinye".